PetroCaribe kisa nou di nan sa jén yo?

in #developman6 years ago

Yon zanmi pataje teks sa ak mwen pou li eksplike sa PetroCaribe te ka fe pou peyi a paske le w di 3.8 milya selman se yon bagay ki yon tijan fiktif nan tet moun yo. Fok ou dekotike li pou moun yo konprann byen ki sa sa vle di:
3.8 milya dola Petrocaribe a volatilize. Anpil moun pa reyalize vreman sa chif sa a reprezante e kisa li ta ka fe pou nou.

Ban m ede nou konprann sa kisa kob sa a ta ka fe pou Ayiti. 3.8 milya dola se 3800 milyon dola US!

  1. Inivèsite
    Pi gwo inivète peyi se inivèsite Limonade la, li koute 50 milyon. Si nou te mete 1 inivèsite konsa nan chak depatman, sa tap koute au total 500 milyon. Donk tap rete toujou 3300 milyon dola US.

  2. Stad
    Tout moun sot gade Coupe du Monde la, bèl stad sa yo nou sot wè nan peyi la Russie, pifò la dan yo koute 300 milyon. Kidonk le nou fin bati stad la tap rete 3000 milyon $US.

3)Lopital
Si nou ta deside bati 3 gwo manman lopital ki tap koute 200 milyon dola chak, sa tap fe nou 600 milyon pou 3 lopital yo. Youn nan Nò, youn nan Sud, youn nan Lwès. Tap rete 2400 milyon toujou.

  1. Wout
    Yo toujou di 1 km wout koute 1 milyon dola us. Sa vle di 600 km wout se 600 milyon dola. Men wout 600 km tap ka fe (nou pa mete wout ki an konstriksyon aktyelman tankou Kafou-Jof Anse a Foleur, Ennery Limbe etc):
    Jeremie- Abricot
    Jeremie-Irois
    Port-a-Piment - Tiburon
    Anse-a-veau - Baraderes
    Carrefour 44- Cote-de-fer (wout sa a pa fini)
    Marigot - Belle-Anse
    Hinche - Milot (Barriere Battant)
    Gonaives - Mole-St-Nicolas
    Port- de-Paix - Jn-Rabel
    Limbe - Anse-a-Foleur
    Anse-a-Foleur - Port-de-Paix

Le nou fin fè tout wout sa yo, tap rete 1800 milyon

  1. Agrikilti
    Si pou mete on ekta te an vale ou depanse 3000$, sa vle di sa tap koute 600 millyon dola pou fe pwodiksyon agrikol sou 200 000 ekta !!! On sufas de 200 000 ekta, sa vle di anpil nan te ki pap regle anyen nan peyi, tap ka pwodui manje. Se plis ke 3 fwa zile Lagonav !!!!

Nou tap toujou rete 1200 milyon $ nan kob petrocaribe a.

  1. Lekòl
    Nan BMPAD, yon lise koute anviron 500 000 dola US. Gen anpil lise ki kontwi nan peyi a depi 20 an. Se pou sa nou ta ka konstwi 100 lise pou zon ki pa ko genyen yo. 100 lise tap koute 50 milyon. Tap rete nou 1150 milyon dola US

  2. Ayopo

Peyi la Chin tap al refe ayopo Potoprens la pou 470 milyon dola. Nou tap gen yon ayopo modèn menm jan ak sa yo jwenn nan tout lot peyi nan Karayib la. Si nou di na fe 2 ayopo youn Okap you Potoprens, sa tap koute 940 milyon dola.

Kob la pako fini toujou non, tap rete 2 10 milyon dola!

Apre tout sa mwen sot di la a:
10 inivèsite
1 stad standa entènasyonal
3 lopital referans
600 km wout pou konekte tout gro vil yo
200 000 ekta tè wouze
100 lise
2 ayopo entènasyonal

Tap rete kòb toujou!!!!! Kob petrocaribe ta ka chanje figi peyi Dayiti.

M ta renmwn on moun esplike m kijan ou fè gen kouraj ap fè moun ki volè kòb devlopman peyi a?street-238458__480.jpg

Sort:  

mwen renmen pòs sa a anpil li fè reflechi

To listen to the audio version of this article click on the play image.

Brought to you by @tts. If you find it useful please consider upvoting this reply.

Congratulations @caonabo! You have completed the following achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

You published 4 posts in one day

Click on the badge to view your Board of Honor.
If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

To support your work, I also upvoted your post!

Do not miss the last post from @steemitboard:
SteemitBoard and the Veterans on Steemit - The First Community Badge.

Do you like SteemitBoard's project? Then Vote for its witness and get one more award!

Congratulations @caonabo! You received a personal award!

Happy Birthday! - You are on the Steem blockchain for 1 year!

You can view your badges on your Steem Board and compare to others on the Steem Ranking

Do not miss the last post from @steemitboard:

3 years on Steem - The distribution of commemorative badges has begun!
Happy Birthday! The Steem blockchain is running for 3 years.
Vote for @Steemitboard as a witness to get one more award and increased upvotes!

Coin Marketplace

STEEM 0.30
TRX 0.12
JST 0.033
BTC 64534.17
ETH 3150.15
USDT 1.00
SBD 4.01