I write this Post in Haitian Creole Please use google translate! to read more if you want to read the content, the subject is it's Possible. Otherwise Just put a nice Upvote Thanks 👍

in #steemithaiti6 years ago

Mwen Renmen Ayiti, rezon an senp se paske mwen gen kouzen ak kouzinn, matant ak tonton lwen ou pre, zanmi, ki ap viv an Ayiti, an senp mo mwen renmen mounn, pa nature la, bèl pyebwa, bon manje, ak bèl rivyè yo, bèl plaj tout sa yo pa vo anyen si nou menm Jèn pa p viv nan kondisyon moun dwe viv. mwen rayi politik dayè mwen pa menm konprann sa yo rele konsa. Si ou ap li atik sa e ou an ayiti ou ka pètèr yon zanmi ou yon fanmi pou mwen men kèlke swa sa ye pou mwen nan yon sans ou yon lòt mwen kontan ou pran tan pou li atik sa a, Ki sa ou pral aprann nan atik sa a ak lòt seri konsa ke map kontinye ekri? Fason pou devlope imajinasyon e wè posibilite pou vinn yon antreprenè, e kontinye gen espwa. Ki atitid ou ta dwe genyen tout pandan wap fè lekti sa? Premyeman pa eseye ap rezone sou sa wap li yo, men itilize imajinasyon, pran nòt pou fè rechèch, kontribye ak nou nan sans sa a lè ekri komantè anba atik yo, eksprime limitasyon ou genyen men fè sa yon fason ki klè, pou sa pa parèt kòm yon kòmantè negatif. Nap pase anpil tan ap kòmante sou yon sijè anvan nou ekri yon lòt sijè. envite lòt zanmi rejwenn Steemit.com pou kontinye deba a (li atik sa a pou ouvri yon kont klike steemit pou konprann ki steemit ye li atik sa a ki sa steemit ye kounye a rejwenn nou nan kòmantè anba atik sa a. e map nou konnen gen yon challenge sa vle di defi nan sans pozitif ke @zeugen mete sou pye pou pèmèt steemit avanse an ayiti an nou tout rejwenn challenge sa a, merci pou tan ou

Sort:  

imajinn 50 000 mil jèn kap viv an ayiti
kap develope STEEMIT resevwa omwen 10 000 goud pa mwa
banm di li yon lot fason 5 milyon dola amerikenn pa mwa

plan an trè senp mwen ap ede zanmi ki ap viv aletranje yo anvan pou ankouraje jèn ke yap ede dèyè patisipe nan steem pa konsekan se youn di lot ki fè bagay la ap pi fasil

koman nou ap fè sa, lè mwen rankontre ak yon zanmi ki ap viv aletranje mwen mande si li gen yon moun kap viv an ayiti li ap ede finansyèman, ki se yon jen antre dizuitan a trantan, e ki gen yon kont whatsapp ak yon imèl, si repons la se wi donk li kalifye apresa nou antre an kontak ak jèn sa a pou ede li

nou gen jèn ki gen tan kalifye epi ki ap fè kob deja nan steemit ki pote yo volontye pou ede lot jèn ki ap fèn vini yo sa ki fè bagay la ap vivi pi fasil de jou an jou

yon jèn ki ap rejwenn steemit pa bezwen yon pou fè sa, se gratis ti cheri, men moun kap viv aletranje yo kap patisipe tou pou ede tèt pa li epi ede jèn sa yo fè plis lajan de pase objektif nou fikse a 100 dola pa mwa

yon zanmi ki vle sipòte moun an ayiti, patisipe li menm tout nan jenere lajanachte steem, pran pouvwa, epi delege enfliyans la, konsa ou pa riske kòb ou a piske li pa kite kont ou, lajan an ap rete an steemnan men w e ou gen posibilite pou rete lajan sa nenpòt ki lè w vle

ki yon moun enpòtan nan listwa lemond antye ki revolisyone fason nou konprann bagay yo e nou rekonèt li sou non albert einstein yon jou li di konsa imajinasyon pi enpòtan pase konesans. anvan ou kòmante al chèche konn kiyès ki Albert Einstein. e li ajoute pou li di lojik pap mennen yon moun lwen men imajinasyon ka mennen ou nenpòt ki kote. si gen yon bagay pou kwè ebyen se sa

Imajinasyon telman enpòtan donk li bon pou nou pale sou li anpil se pa yon sije nou ka ekri yon sèl fwa sou li epi konprann tout moun konprann sa n ap pale de li a, nou bezwen pale anpil epi itilize plizyè senaryo pou ede nou aplike nou lavi nou chak endividuelman

ki sa fè yon Ameriken, kanadien, ou yon dominiken renmen peyi li ou menm lè youn ap touye lot nan yon sans ou yon lot, rezon an senp yo edike pou yo develope lanmou sa pa mwayen sa medya a, e moun ki pi gran pase yo kwè e repete nan desisyon yap pran chak jou, nou bezwen mete pwogram pou jèn nou yo e ankouraje yo nan aktivite kap pèmèt yo renmen peyi a, mwen pap pale nan sans patriotik men pito renmen frè w la epi proteje anvirònman kote ou rete a

nou mete jèn yo trò de kote se kòmsi nou gen yon mantalite pou fè moun pase men mizè nou te pase si bagay yo pat bon pou donk fòk li pa bon pou yon lòt ki fèt ap vini sa pa ka mache konsa jèn yo bezen develope plis odas pou defann tèt yo anba tandans sa a

nou bezwen edike jèn yo pou yo kwè nan kapasite mantal yo e pou yo,pousuiv imajinasyon, se yon mo mwen pale anpil de li imajinasyon. paske se li menm selman ki ka dirije nou

li pa fasil di tou pou mwen pa di enposib pou ou wè solisyon a pwoblem ou ladann lan lè focus sou ki pap mache a, tou senpleman wap fè ke repete l

Sa vrèman ankourajan pou wè moun kap viv anyiti selon statistik posede $2,44 USD pa jou alòske pèp la ri, to kriminalite a pa elve pa rapò a sa nap gade nan nouvèl nan lot peyi, donk jèn nou dwe gen espwa

Jèn ankouraje jèn parèy ou yo pran inisyativ ansanm eksperimante tout bagay ki pa deranje sekirite sosyete a, pa bloke imajinasyon, retire konplèks lakay ou, pa farouche sa kap fè efò, men proteje li

please vote have me once.

Congratulations @caonabo! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of comments

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

Upvote this notification to help all Steemit users. Learn why here!

Coin Marketplace

STEEM 0.30
TRX 0.12
JST 0.033
BTC 64222.08
ETH 3135.29
USDT 1.00
SBD 3.99