Koman Ouvri yon Account (ou kont) nan Steemit?

in #cryptomass7 years ago

*DISCLAIMER I write this Post in Haitian Creole Please use google translate! to read more if you want to read the contents, the subject is How Steemit.com Works? Otherwise Just put a nice Upvote Thanks 👍

Nou ( Anpalan de ekip Cryptomass) ekri Post sa pou ede ou ouvri yon Account oubyen Kont nan steemit.com, men genbe sa nan lespri w lè account ou aktivé, epi prè pou ekri premye post ou w'ap bezwen konnen se ki sa Steemit ye? li post sa a. https://steemit.com/cryptomass/@gfi24k/ki-sa-steemit-ye


Steemit.com se yon platfòm Blogging ki peye w lajan dijital pou ekri nenpòt sa ki nan panse ou, men ekri bagay ki pwòp pou moun ki gen pouvwa ( Rele Whale ki vle Labalèn an kreyol) nan steemit.com pa penalize ou epi post ou pap visib sou steemit.com ankò.


kesyon ou kapab ap mande tèt ou se konbyen kòb map bezwen?
li gratis pou ou ouvri yon account


men jan plafòm Steemit.com nan reprezante lè w chèche li sou entènèt: www.steemit.com www.steemit.com


Pou Ouvri Yon Kont nan Steemit.com
Klike Sou Sign Up


Epi Chwazi yon Non Itilizatè



Apre sa Ou ap bezwen yon valid Email adrès




Kounye li enpòtan pou chwazi pey kote wap viv la epi antre yon nimewo telefonn ki korek Paske Steemit.com ap voye 5 nimewo nan text mesaj ou pou ka verifye account ou.



Poukisa yo mande ou nimewo telefonn ou ?
Paske yo vle pou tout moun ouvri yon sel account nan Steemit.com


Si ou te antre yon nimewo telefònn ki korèk, wap resevwa yon text mesaj ak 5 nimewo code pou verifye account ou, antre nimewo a nan espas sa a epi kontinye.




Nimewo Telefònn ou verifye avèk siksè



Kounye a ale nan email address ou te antre anlè a epi wap wè yon email ke steemit voye pou verifye, lè w ouvri email la klike sou link oubyen lien ki gen koulè ble a


**Felisitasyon ou reyisi ouvri yon Steemit account **

Ki sa wap gen pou fè ankò?


Wap bezwen yon ti pasyans tout kout
nan anviwon 24è tan account ou ap aprouve



Pasyans Bay bon fwi, ann al gade sa
ouvri email ou epi chèche yon lòt email ke Steemit voye pou li di w koman yo kontan aprouve account ou a
li sanble ak email wap gade nan foto anba a.



Prete gran atansyon ak pati sa a se pati ki pi enpòtan nan Steemit.com

Nou Pral pale de sekirite

Koman Proteje account ou nan Steemit?

Klike sou link oubyen lien ble a nan email la pou ou ka komanse prosés la.


Apre ou finn aksepte tèm sèvis nan Steemit.com

Sistèm nan ap genere otomatikman yon password pou ou ki byen long tanpri nou rekomande w ou, itilize password Steemit ba ou a de preferans, pa esere chanje li.

men kèk lot bagay ou bezwen fè

  1. Ekri Password la nan yon fèy papye oubyen enprime li epi sere li yon kote pou se ou menm sèlman ki kapab jwenn li. Pa esere sovgade li nan òdinatè ou.
  2. pou knotinye copye li epi kole nan espas anba pou konfime li


Kounye a login nan Steemit account ou epi Nou pral ede ou fè premye post nan Steemit pou intrui tèt ou ak kominote a.
Komanse Pa FOLLoW ou Suiv tout zanmiy ki nan Cryptomass Group la ak lot moun ankò si w ta renmen plis moun wè post ou yo. pou jwenn plis detay sou fason pou FOLLOW LOT MOUN AL LI POST SA https://steemit.com/cryptomass/@gfi24k/ki-sa-steemit-ye


Sort:  

Thank you for this detail on how to join steemit

Congratulations @gfi24k! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of comments received

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

By upvoting this notification, you can help all Steemit users. Learn how here!

Merci pou travay sa! !!mw aprann anpil de li sa fèm fyè de ou e de travay wap fe nan kominote steem nan cryptomass, CryptoNewAyiti!!!one love

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.14
JST 0.030
BTC 67808.66
ETH 3248.00
USDT 1.00
SBD 2.67