Ki sa Steemit ye?

in #cryptomass7 years ago

I write this Post in Haitian Creole Please use google translate! to read more if you want to read the content, the subject is How Steemit.com Works? Otherwise Just put a nice Upvote Thanks 👍

Kèk tèm anglè kap bon pou familyarize w pandan wap itilize Steemit map bay definition kreyol yo, piske nou pap kanpe pou tradui yo mo ta mo, li ap bon si ou ta etidye yo ou menm memorize yo.

Followers

Sa reprezante nomb de moun kap suiv ou


Followings

sa reprezante nomb de moun ke ou menm ap suiv


Koman pou Suiv yon moun followings


pou fe sa clicke sou nenpot sije ou ta renmen li nan Steemit Ale nan yon nan tab sa yo ** HOME New HOT TRENDING PROMOTE** epi chwazi yon sije ki enteresan, lè li ouvè clicke nan otè a pa anlè agoch epi FOLLOW an Kreyol SUIV


Upvotte:

Se Aksyon ou fe pou vote yon post ke ou renmen, men jan ak sa ou fe nan facebook (Like) 👍


Votes

nomb de moun ki vote w, ou ka klike sou flech pou wè tout non moun yo


resteem

Se aksyon pou repost yon post ke ou renmen e ou ta vle moun ka suiv ou yo an angle Followers li tou se menm bagay ou fe nan facebook Pataje oubyen Share an anglè


comments et Reply:

defini preske menm bagay la nan Steemit se repons ke ou fe anba yon post


post

yon post se yon sije ki gen yon antet, yon ko ki develope sije a ak yon pye nan steem nap rele li TAG


curation reward

Rekonpanse ke yon moun ki vote yon post jwenn ki se 75% de total rekonpanse lan


Author reward

Rekonpanse ke yon moun ki ekri yon post jwenn ki se 75% de total rekonpanse lan


Promote:

ou ka peye Steem si ou vle plis moun we post ou a


Kek Bagay nap Jwenn Nan

Settings: an kreyol Konfigire pou jwenn Settings: an kreyol Konfigire klike sou foto profil ou adwat anle toupre kote Submit Story pou li ka depliye.


wallet

se yon bous ki genbe tout lajan dijital Steemit peye yo: Steem, Steem Power, Steem Dola nap pale de yo pi ba kontinye li.



Ki sa Steemit.com ye?
an nou gade aparans Steemit.com lè ou chèche li sou entènèt.

Steemit Se yon plafòm medya socyal li ta vle fè w panse ak facebook, ou yon paj blog, ki rekonpanse moun k'ap itilize l yo pou sa yo ekri, ou ka ekri nenpòt sa ki nan lespri, pa gen okenn reglèman sou sa pou ekri men chak moun bezwen veye pou bagay yap ekri pa ofanse majorite moun nan kominote a, tankou foto sex ak pawòl ki imoral, poukisa nou vle atire atansyon w sou sa a, paske tout moun ki ouvri yon kont nan steemit komanse a yon nimero repitasyon 25

wap wè li parèt a kote non itilizatè ou gen nan sistèm nan, Si ou posté yon sije ou foto ki pa apropriye e ki deranje lot moun yo kap Pese Icon ti drapo a yo rele Red flag an anglè e sa ap desann repitasyon ou, donk laprochènn fwa ou posté sije sa pèsonn lot moun pap wè li



ki sa yon Token ye? Steem

mo nou ka itilize pou konprann sa se Jeton pou moun ki konn jwe Damien ou chess oubyen yon pyès adoken men a la sèl diferans Token nap pale a li dijital donk li egziste sèlman sou entènèt, ki sa token reprezante nan monn lajan dijital pou nou konprann sa nap bezwen fè yon ti ilistrasyon tout piti avèk ou, chak peyi gen lajan ou monè echanj men lajan sa a gen yon non pou Ayiti se Goud pou etazini se Dola ameriken se menm bagay la chak lajan dijital gen yon token men token sa yo gen yon non e pou Steemit li rele Steem, lè ekri yon bèl sije moun renmen li yo vote li Steemit rekonpanse an Steem token, mwen kwè nou te byen konpran sa a.


ki sa Steem power ye?

Steem power se Steem ou sovgadé pou yon tan byen detèmine e poukisa yon moun bezwen Steem Power jan mo a di sa Pouvwa, yon moun ki kwè nan plafòm Steemit, e ki vle token nan vinn gen plis valè pap prese chanje li pou lot token ou tout senpleman paske li bezwen kòb lokal peyi la pito byenke steemit pap janm enpeche w retire token ou yo men li bay moun ki konvèti steem li yo an steem power anpil avantaj pami ladan yo se jwenn enterè sou Steem yon genyen an epi yo jwenn anpil rekonpanse lontan pase tout lot moun ki pa sere token yo nou tout la pou nou jwenn pa vre? panse ak steem power men jan ak yon ti mozo yo bay nan konpayi ki gen anpil siksè e lè konpayi sa ap vinn ankò pi gran se konsa ti mòzo paw la vinn pi gran



Ki sa yon Steem dola ye?

Steem se ankò Steem Token ou konvèti an Steem dola e li gen valè tout prè de yon dola ameriken


koman ou fe gen Token ou Steem oubyen lajan dijital nan Steemit.com


Premyèman
nenpòt moun ki ekri yon sijè ou komantè anba yon sijè e yon lot moun oubyen anpil moun vote li ap resevwa yon rekonpanse ki rele Author reward ki ekivo ak 75 pousan de total lajan an ou steem token ou resevwa a. pa egzanj an sipoze ou fè 10 dola pou yon bèl pos antanke author reward wa resevwa 7 dola 50 men e rès 2 dola 50 ki rès ki resevwa? Steemit ap distribye 2 dola 50 sa a ak tout moun ki te vote w yo, nan espas non 30 ak 60 minit apre te finn soumèt pos ou a donk sa rele Curator rewards. jan nou wè sa li enpòtan pou nou chwazi lè nap vote


dezyèman
lè ou achte Steem ou ka fè sa nan wallet ou atravè yon market echanj pou cryptocurrency oubyen lajan sou fòm dijital pa egzanp Blacktrade ki tout entegre nan Steemit.com epi konvèti li an Steem Power, lè ou genbe konsa Steemit ap peye yon enterè sou lajan sa a. Yon lot bagay sa ap fè pou ou lè ou fè sa lè pèmèt ou jwenn plis rekonpanse lè yon moun oubyen ou menm vote post ou a

Suiv mwen @gfi24k pou nou konfigire e fè premye post ou nan Steemit.com ansanm

Sort:  

Sa à se rololoy
Gfi24k ou lagé yon kokenchenn post.
Haiti min steemit sou ou.

Kote lot konpatriòt nou yo an ini nou tout men kek tag pou itilize pou nou ka jwenn ou Cryptomass, Ayiti Hati Lakay ak robora7 epi nan kontan sipote youn lòt

You really described steemit step by step and it is easy to understand.
ou vraiman dekri steemit pou tout moun kap kopran-n. si you moun blie kek bagay, yo ka jis ale nan post sa-a pou yo ka songe

Bon travay

Gfi24k
This is as much details as you can be with steemit.
👏 👏
Got to give it to you.

Coin Marketplace

STEEM 0.16
TRX 0.16
JST 0.030
BTC 58560.83
ETH 2491.85
USDT 1.00
SBD 2.40