Steemit Ayiti ap Vanse, yon ti rapel ak kek ti bagay nou ajoute anplis

in #steem-promo6 years ago

Kijan nou ye sa se bagay pan, Ayiti komanse reprezante nomalman sou steemit, revolisyon sa a ki fet nan kesyon lajan elektronik ki rele steemit lan, nou t abitye e majorite Ayisyen kounye a sou yon rezo sosyal kit se Facebook oswa twitter, e lot anko.

Men kisal rapoten le nap poste imaj epi nap jwenn like sou rezo sa yo, esken vinn popile nou kontanten selman de konnen ke zanmi nou konnen bel foto nou len vwayaje, oubyen len ekri on bel ti tesk nap pataje ak tout kontak nou sou WhatsApp.

Steemit se yon rezo sosyal menm jan ak sa nou t konn ap itilize yo men ki plis renmen itilizatel yo moun ki ap fel fe kob e li ap pemet moun sa yo tou fe lajan menm jan li menm lap fe lajan. Menm koutim lan menm prensip la pa gen oken obligasyon anplis, tout sa nou t konn fe sou lot rezo yo nou kapab toujou kontinye fel sou steemit tou.

Nan lide sa nou menm ti gwoup Ayisyen ki ap viv an Ayiti, nan Floride, o Brezil ak lot peyi anko nou deside mete nou ansanm poun fome kominote sa a e eseye menen e fe promosyon pou potorik rezo sosyal sa a ki rele steemit.

Nou gentan komanse fe anpil aktivite tankou reyinyon kote poun aprann moun itilize sit la, e gwo deba nan group telegram nou, ak anpil lot aktivite ki gen pou vini, jis pou nou youn ede lot ansanm poun k jwenn kichoy etan nap amizen poste foto pase tan nou men nan menm tan pou nou kapab ekonomize yon ti monen tou.

Pou le moman men lyen ki pou enteresew yo:

Klike la pou antre nan group telegram nou an https://t.me/joinchat/Du9ggVNxuTNh6P3DNxZL0Q

Nap swetew byenvini nan ekip steemit Ayiti a epi nou.

1-Chak moun ki nan ekip steemit Haiti a mande a banye sa a kap pesonalize a non itilizate ou sou gwoup Telegram lan.
2- Nap itilize tag sa yo ki pou moutre nou fe pati de ekip la: ayiti, cryptonewshaiti,cryptomass, steemithaiti.

Nap ekri yon lot atik pou nou kapab afiche tout moun i gentan nan gwoup la, e nap metel a jou chak semen.

San panse a yon Slogan, map tann propozisyon nou nan komante.

Sort:  

Mwen damou gros banderole sa a pou groupe la. leu tag sa a commence blayi tout kote nap we #ayiti vini gen yon vwa nan monn nan.

Mwen santi nou ap fe gwo pwogre #Carlo. Chak jou nou kwaze ak yon gwopotorik gason. An nouvann 2016 mwen te gen gwo privilej kontre ak Evens Louis ki te nou anpil konnen kriptomone, an septanm 2017 mwen kwaze ak gran gason sa ki se Carlo ki aprann mwen anpil sou ki chwa m dwe fe pou m fe pwofi ak kriptomone e anko nan fevriye sa nou twouve gwo bout tonton sa kise Pouchon kap ede n bouje, kap ede n sosyalize n, kap ede n fe kob nan pastan nou yo! Mesi granmet pou kado sa yo!

Anpil merci poutet ou kite'm partage avek ou ti sa mwen genyien.
It is not easy but together we can move (mountains) .
Keep on steemin'

Monche nou diskite sou sa anpil, m t rakontew istwa sa deja kijan m t komanse e tt lidem men Bondye toujou mete mouns a yo sou wout mwen tankou @joinvest @pouchon, lygens, men tout defwa nou konn jwenn moun ki pa konprann nou lavi a gen sa ladanl, nou pap Dekouraje, nap kontinye vanse.

Se yon bel post ou lage la.
Mwen we interet pou nou promote #steemithaiti ap pran elan.
Tou piti nap grandi et ekip la ap vin pi gro et sonin pi bien pou nou tout.
@carlomile eske ou vle'm ekri post sa a en anglais?
Konsa plis je gros poisson yo tap tonbe sou li.

Why not.

Oui mwen dako a saw di a.. mw panse si jan moun yo use facebook yo use steemit konsa.. yo tap fe anpil progre nan vi yo

Frère mw felisitew pou si bèl post sa u lage a kote wap eseye moutre enterè yon moun genyen lèw fè pati steemit... Olye pou yn jèn pase tout tan li sou lòt rezo ki pap rapotè'l anyen li preferab li vin sou steemit omwen li va souse yn zo a l'aide de sa li pral post yo....

Mesye m swete nou toujou kenbe menm amonizasyon sa poun ka voye HAÏTI byen wo sou Steemit....Ansanm nap voye Haiti moute🇭🇹

#cryptonewshaiti #cryptomass #steemithaiti.

Felisitasyon pou inisyativ la, se nou youn ki pou ede lot, facebook ap fe lajan sou nou san li pa ban nou anyen, M kontan vin sou Steemit li menm ki diferan.

Mesi oui se konsa, Nelio eskew nan gwoup tg cryptonewshaiti a ?

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.12
JST 0.027
BTC 61272.24
ETH 3371.76
USDT 1.00
SBD 2.46