Haiti éducation: Problèmes et solutions Partie 1

in #education6 years ago

haitieducation2.jpghaitieducation3.pnghaitieducation1.jpg

Sa gen plizyè ane depi n ap asiste ak yon devalorizasyon edikasyon an Ayiti, lontan lè yon timoun te sot nan egzamen nevyèm ane fondamantal li te santi l fyè paske li konnen klas sa gen anpil valè, m pa bezwen pale kijan yon jèn ki te soti nan egzamen retho oswa egzamen filo te santi l, se te gran panpan paske klas sa yo te gen anpil enpòtans. Men jodi a anpil kote an Ayiti yon jèn ap fè filo ou Sec IV , li wont pou l di se klas sa l ap fè sitèlman valè edikasyon nan peyi a diminye yon fason konsiderab. Se sa k fè nou deside vini ak yon ribrik ki rele #HaitiEducation:Problems et solutions. Sa se premye soti ribrik la, koe nou entrodui ribrik la. N ap kontan si w patisipe nan ribrik sa avèk nou.

èske w panse se yon bon ribrik?

Daprè ou ak ki pi gwo problèm edikasyon an ap fè fas an Ayiti?

Oswa ki sa ou ka propoze pou ede nan evolisyon edikasyon an Ayiti?

Nou tout se Ayisyen ann panse pou n fè l vanse!

@carlomile @guivensonhilaire @steveberna03 @caonabo @falconcash @zeugen @pouchon @joinvest

Sort:  

Nenpot ki enfòmasyon ki pa ede nou imajine yon lot ayiti, epi pouse nou fè aksyon, epi amelyore kondisyon vwazen k ap viv nan kominote kote w ap viv la se, Enfòmasyon sa yo ou edikasyon sa se yon pèdi tan

se tris lè yon moun ap li rapò sa yo men an nou konsantre sou sa ki konn li yo se ki sa y ap li? paske si yon moun ap li bagay ki p ap ede li avanse li pi mal pase yon moun ki pa konn li, paske anpil moun ki gen kapasite pou fè sa pa janm li oubyen yo ap li bagay ki pap itil yo anyen

M kore sa w di a , a 100%, moun yo pa vreman lokalize yo nan bagay ki ka ede yo, eseye pibliye yon bon bagay sou facebook ou pap preske jwenn moun ki komante l, men mete yon foto moun kap fe seks w ap we, komante a goch komante a dwat. Men nou menm an no eseye ede timoun k ap vini yo, ann pwopoze solisyon pou pwoblem edikasyon an an Ayiti

Se depi kounya pou .n met tet nou ansanm pou n voye peyi a monte pi wo, pou pita pa pi tris, si nou pa fe sa depi kounya kafe nou ka koule ak ma. E edikasyon se pilye tout pep, se la pou n komanseUne-education-pour-quelle-société-en-Haïti-.jpg

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.12
JST 0.029
BTC 60813.09
ETH 3389.90
USDT 1.00
SBD 2.52