You are viewing a single comment's thread from:

RE: Konekte, Kouran, lajan -- Pati #1

in #cryptomass6 years ago

M felisite moun ki ekri atik sa, ak tout moun komante l, sa montre m gen moun k ap panse pou peyi a. Se pa manti jeune nou yo an ayiti ( m ladan l tou) ap viv nan kondisyon moun pat sipoze ap viv, pafwa yo gen volonte pou reyalize objektif yo genyen ( genyen se yon biznis yo ta renmen mete sou pye) men akoz yo pa gen, moun ki pou ede yo sa lakoz yo paka reyalize rev yo. Genyen ki pase anpil tan sou ban lekol le yo fini lekol y al aprann yon metye men yo paka jwenn travay. Timoun yo pa gen kouran pou yo etidye, yon ordinateur se yon liks li ye pou yo, internet la menm, bon nou pa bezwen pale de sa, ou tande yo ba ou 4G, w ap telechaje yon bagay ki pa menm 1GB l ap fe 2h anvan li fin telecharger. Humm ayiti, li le pou nou chanje mantalite nou, pa di Ayiti paka chanje, men pou l chanje se nou ki pou mete tet nou ansanm epi, gen konfyans nan peyi nou, envesti ladan l, pa al kreye riches nan lot peyi, vin kreye travay nan peyi w pito. Ayiti gen pou l chanje!

Sort:  

Pou rekomanse ak seri atik sou connectivité oubyen nou ka di entènèt, electrisite ak lajan ke jèn ki an ayiti bezwen plis pase konstri wout bati gwo building. Pa ke ann nou imajine yon ti moman e lè mwen imajine mwen vle koe itilize kapasite mental pou kreye imaj ke mo nou pral itilize la yofè resòti. anpil konpayi kap kap soti etazini pou al kreye travay nan lap peyi kote ou pap peye tròp enpo e enplwaye pa koute chè, konpayi sa yo pa mache al konstri gwo batiman oubyen wout, non yo bezwen bagay sa yo Enténèt, electrisite, epi kapasite pou ou konprann anglè, nou gen yon atik ki pale e ankouje pou ke peyi a sa vle di jèn nou yo pou yo fè efò konprann anglè. Gen peyi kap tann nou jèn yo pou nou prepare tèt nou epi pou ka itilize nou yon fason kap ede kominote nou amelyore.

Coin Marketplace

STEEM 0.19
TRX 0.15
JST 0.029
BTC 63209.62
ETH 2570.91
USDT 1.00
SBD 2.76