You are viewing a single comment's thread from:

RE: LWA FOUTBOL TIMOUN

in #ayiti7 years ago

M raplem lem te konn jwe foutbol nan marigot nan peyi gran paran m kote m grandi. Se te bel epok kote neg te konn al enjoy, boukane lam veritab avek aran sel, epi foutbol. souvan match konn pa fini nan fe diskisyon pou fot ak goal epi neg komanse fe bosal. Mwen te konn epanye paske paske te inosan. Neg ki viktim nan bosal nan jwet la kanpe jwet la pou yo goumen. Men sak bel la nan menm semenn lan tout neg rezanmi epi jwet la kontinye pou pi bel.
Epim sonje lem te konn jwe boul avek boul neg konn fe avek blad oubyen kapot mete nan twal. Depi l tonbe nan bouch konpe pikan li di nou al fon lot paske l pete.
Se te epok kote lakou lakay te trankil trankil !

Coin Marketplace

STEEM 0.17
TRX 0.15
JST 0.028
BTC 60385.82
ETH 2321.90
USDT 1.00
SBD 2.51