LWA FOUTBOL TIMOUN

in #ayiti6 years ago

FB_IMG_1519481929781.jpg

  1. Neg ki pi pa konn jwe a, se li ki fe gadyen
  2. Match la fini tout bon le tout neg fatige (eksepte reg 6 la)
  3. Kelkeswa jan skò a ye, ekip ki fè dènye gòl la genyen
  4. Pa gen abit
  5. Gen fot tout bon, si fot la grav
  6. Si neg ki mèt balon an fache, match la tou fini
  7. 2 neg ki pi konn jwe yo pa ka nan menm ekip, alos yo chak chwazi jwè ki pou nan ekip yo
  8. Si yo chwazi w an dènye, ou mèt konnen se ou ki pi mal
  9. Si gen penalite, yo ranplase gadyen an pa neg ki pi konn jwe a
  10. Si balon an ale nan zile, neg kit e choute a dwe al cheche balon an.
  11. Neg ki pi konn jwe a toujou nan ekip met balon an
  12. Anpil fwa nèg ki mèt balon an pa konn jwe
  13. Pou yo distenge 2 ekip yo, yon ekip dwe jwe do toutouni
  14. Neg pa bezwen gen soulye/kranpon pou jwe, e pafwa neg ki pa gen soulye yo pi fò.

KILES NAN BAGAY SA YO OU SONJE LE W T AP JWE BOUL LE W TE TIMOUN? (AJOUTE YON BAGAY NAN SOUVNI FOUTBOL TIMOUN OU KI PA NAN LIS LA EPI KAN W SONJE L SA FE W RI)

Sort:  

Mwen pa songe anpil nan lis sa yo, min faute se gros koze. Leu boule la pase anle li pa janm goal, 5 minit gentan pasé selman nan diskisyon. des fois se penalite ki choute pou femin diskisyon an.
Mwen songe des fwa si met boule la pa fe goal li pran boule li li ale lakay li match tou fini.
Tete charge, problem pap janm fini.

😅😅😅m renmen post saaa.....Yè m te al distrèm pifò règ sa yo te aplike sauf 1, 10 epi 12 la....

6 la t aplike ? li foke oui.

Ui 6 la te aplike🙈...Se mw ki mèt balon an gen yn nèg ki frapem mw pa renmen jan li frapem nan te manke gen batay pou evite twòp bgy mw pran boul mw male🏃

Sa fe lontan mpa jwe yon ti foutbol knsa wi mesye !!!!lavi sa woooooo!!! mrenmen !!!mkonn fe jounen an ap jwe boul wi pita baton mpral pran se rel kay makorel epi nan demen boul pired !!!

M raplem lem te konn jwe foutbol nan marigot nan peyi gran paran m kote m grandi. Se te bel epok kote neg te konn al enjoy, boukane lam veritab avek aran sel, epi foutbol. souvan match konn pa fini nan fe diskisyon pou fot ak goal epi neg komanse fe bosal. Mwen te konn epanye paske paske te inosan. Neg ki viktim nan bosal nan jwet la kanpe jwet la pou yo goumen. Men sak bel la nan menm semenn lan tout neg rezanmi epi jwet la kontinye pou pi bel.
Epim sonje lem te konn jwe boul avek boul neg konn fe avek blad oubyen kapot mete nan twal. Depi l tonbe nan bouch konpe pikan li di nou al fon lot paske l pete.
Se te epok kote lakou lakay te trankil trankil !

Coin Marketplace

STEEM 0.16
TRX 0.13
JST 0.027
BTC 57642.15
ETH 2578.06
USDT 1.00
SBD 2.49