You are viewing a single comment's thread from:

RE: Konekte, Kouran, lajan -- Pati #2

in #steeemhaiti6 years ago (edited)

M panse rezon an, se paske leta Ayisyen pap travay pou nou antanke konsomate,Konsa konpayi telephone yo tou pwofite pou yo pa bay bon service, a haut debit, Epi tou Ayiti pa gen vil oswa enfrastrikti ki fet pou resevwa yon entenet haut debit, paske menm fibe optique yo ki la pou sa, pafwa moun konn koupe yo. M tap itilize l pou m fe kob, pou se pa depanse chak jou nan peye entenet pou m ale sou rezon sosyal yo, men m ka itilize l pou m kreye yon aktivite en ligne k ap pemet mwen antre lajan. Paske gen anpil bagay ou ka fe sou net la k ap pemet ou antre lajan; tankou: Yon blog, yon sit entenet, Ou ka ekri atik pou w fe lajan etc....

Sort:  

Leta? ann nou fè yon ti reflechi epi poze tèt ou kesyon sa a kiyes ki leta a? ekri repons ou nan komantè a, anpil dèfwa nou vle pale de leta sa vle gouvènman an, an nou klè nan sa a ki sa gouvènman gen kapasite pou fè pou nou? e kisa ou menm pèsonèlman ap rete tan de gouvènman an?

Imajine... Tèt pa w panse ak lòt moun, pran yon plim epi ekri yon lis de choz ke ou menm pèsonèlman ta p renmen pou gouvènman fè pou ou, e bagay sa yo ap benefisye lot moun tou.

mwen kwè gen yon seri de kondisyon pou gouvènman an mete anplas pou pèmèt kèk bagay posib nou di trè byen kondisyon tankou sekirite, stabilite politik, atire moun vinn investi lè yo mete bon lwa sou enpo, etc... eske w te panse bagay yo konsa

Eske w panse nan anpil peyi kote majorite nan kondisyon yo reyini epi anpil nan sitwayen ap vinn nan kondisyon mizerab, sa ki pase? Pa gen gouvènman kapitalis tankou ayiti ki etabli pou fè pèp la kado manje, rad pou mete, voye pitit nou lekòl gratis oken gouvènman, si nou ta site nou tap komanse pa etazini

Lè yon moun ap pale de leta sa depann de nan ki kontèks l ap pale; paske leta ka fè referans ak tout moun k ap viv nan peyi a konsa tou ak aparèy ki la ki pou bay pèp la bon sèvis la n ap pale de ministè yo ak lot enstans ki la ki pou regle pwoblèm pèp la genyen. Leta ka vle di pouvwa tou, ebyen nan kontèks , m t ap pale a m te vle fè referans ak de dènye yo, konsènan: 1) ministè yo oswa lot enstans yo ak 2) Pouvwa. Paske se yo ki la pou dirije tout moun k ap viv nan peyi a (yo se leta tou nan yon sens). ? konnen m paka lage avni m nan men moun ki gen pouvwa nan peyi, paske avni m depann de mwen, e m ap konseye tout moun jèn kou granmoun, pou yo pran lavi yo oserye pa janm sispann lite pou yo retire tèt yo pami 80% moun ki pa bay avni yo anpil enpotans kap viv pou viv, paske kelkeswa sa ministè yo e moun ki gen pouvwa yo ta fè yo pap ka retire n nan mizè, si nou pa travay pou nou gen yon bon avni. E pa bliye nan yon sens se nou ki leta.

@neliohaiti ou byen di linfrè pa mwen, envite plis moun nan debat a e mwen ap vote tout post yo, ekri 5 fwa pa jou de preferans e m’ap pèmèt ou akimile steem

si nou ta gen 50 000 jèn ki enterese nan kripto sa ka chanje tout situasyon peye a

kesyon an se koman? pou sa nou bezwen fè yon ti matematik. si nou ka pèmèt 50000 jèn jenere $100 ameriken dola atravè kripto a jis pa ekri 5 ou 10 post pa jou oubyen nan akimile token gratis sa ap reprezante $ 5 milyon dola ameriken pa mwa

e avèk yon siksè konsa nap kreye yon marketplace online antre nou menm pou pèmet ke dola sa a nou fè nan kripto a sikile nan mitan nou pou anpil jou anvan li kite kominote a

eske sa posib? Imajine pran yon ti moman panse ak sa, si nouka fè sa ak yon jèn sèlman donk li tout afè posib pou nou kreye menm rezilta a

Nou manke jèn, koman nap komanse, nou bezwen itilize imajinasyon nou lè n ap fè apròch ak yon seri de sikontans nou pa renmen e nou ladann depi nou fè.

Inspirasyon, nou enspire pa sa nou wè e rive kwè posib pou nou, ann pran yon egzanp ki sa anpil jèn enspire pou yo devni demen, Komedyen, rapè, ak okipe yon pòs nan leta a. mwen pa gen oken pwoblèm ak bagay sa yo, men lefèke se preske se majorite jèn ki enspire nan menm san sa a, sèke gen yon kriz la

Wi se pa manti se ansanm n ap ka avanse, men pafwa moun yo pa we l konsa non, se youn ede lot

Bon imajinasyon, nou bezwen moun k ap panse menm jan ak ou pou peyi a vanse pou pi devan. Men malerezman tout sa ki nan tèt 80% jèn nou yo se kite Ayiti pou y al viv nan yon lòt peyi, Sa ki vin lakoz peyi a prèske san resous imèn pou w vanse

Se t ap yon bon bagay, menmsi m poko gen anpil tan sou steemit, men m komanse konprann kek bagay , e konsa nou t ap ka ede nouvo moun ki entegre kominote a.

Wi, se pa manti, e BRH ap panse pou kripto a entegre an Ayiti wi, si nou pran bone l ap bon pou nou, konsa gen anpil jen ki pap travay sa t ap ede yo.

Mwen poko jwenn kominote Ayisyen nan sou steemit, m konnen genyen kek ki la men , m pa konnen yo, se sak fe l ap difisil pou m envite yo

OK

Coin Marketplace

STEEM 0.19
TRX 0.14
JST 0.029
BTC 65771.81
ETH 3174.77
USDT 1.00
SBD 2.61