Sort:  

Nou manke jèn, koman nap komanse, nou bezwen itilize imajinasyon nou lè n ap fè apròch ak yon seri de sikontans nou pa renmen e nou ladann depi nou fè.

Inspirasyon, nou enspire pa sa nou wè e rive kwè posib pou nou, ann pran yon egzanp ki sa anpil jèn enspire pou yo devni demen, Komedyen, rapè, ak okipe yon pòs nan leta a. mwen pa gen oken pwoblèm ak bagay sa yo, men lefèke se preske se majorite jèn ki enspire nan menm san sa a, sèke gen yon kriz la

Ki pi gwo difikilte nou jwenn ak rezoud pwoblèm Entènèt, Electrisite ak lajan jèn nou yo an ayiti ap fè fas sèke lè nap apròch pwoblèm nan nou fè sa ap move mobil tankou nou refere ak konesans nou genyen, ap bagay nou ap eksperimante kounye a, bagay nou wè devan nou, epi nou kwè ke pou bagay yo chanje se e pou li bon se pou tout moun. Depi plis ke 200 ane nou malad nou pa pwodui ase jèn ka itilize imajinasyon li lib. mwen kwè nan kapasite imajinasyon. Albert Einstein yon fwa di lojik ap men w de pwen A a pwen B men imajinasyon ap mennen tout kote e dèfwa kote ki pa ko menm ekziste. e vrèman li chanje monn nan ak tout bagay li rive reyalize gras ak imajinasyon li

Jèn nou yo bòne, yo jis ale lekol, epi al aprann yon bagay, epi mache depoze CV pasipala san yo pa janm jwenn okenn travay. Si w ta ankouraje yo chache envesti nan yon bagay, oswa kreye yon ti aktivite kap pèmèt yo antre kòb, y ap kouri dèyè w, y ap di si yo fè sa, moun nan zòn nan ki wè y ap avanse ap touye yo oswa kraze biznis yo a, poutèt sa yo prefere ak chili ak brezil. Depi jodi a si nou pa mete ide antreprenè nan tet jèn yo depi yo lekòl peyi a ap fè anpil tan toujou nan eta li ye la.

Ide nou kapab chanje mond lan, Si Steve Job pa tap panse Jodi a anpil moun pa tap fyè lè gen yon Iphone nan men yo, Si Mark Zukerberg pa ta p panse jodi a nou pa tap gen Facebook, Si Bilgate Pa t ap panse jodi a nou pa t ap gen Microsoft. Ak imajinasyon nou, nou ka chanje Ayiti e menm lemond antye.

Wi se pa manti se ansanm n ap ka avanse, men pafwa moun yo pa we l konsa non, se youn ede lot

Coin Marketplace

STEEM 0.18
TRX 0.15
JST 0.029
BTC 63747.71
ETH 2543.33
USDT 1.00
SBD 2.66