You are viewing a single comment's thread from:

RE: Konekte, Kouran, lajan -- Pati #2

in #steeemhaiti6 years ago

Genyen 195 peyi nan monn nan, genyen 2 milya moun nan monn nan ki pa gen papye ak de nesans, ki pa gen yon kont bankè donk pa konsekans pa gen aksè ak sistèm finansye. e ki pa ka prouve posesyon yo, tankou yo posede tè san papye ki anrejistre. Sa se yon gwo risk pou moun ki ap viv nan yon tèl situasyon. Solisyon an se Blockchain prononsyasion kreyol blòkchèn *kontinye li pou plis enfòmasyon sou sijè sa a

Sort:  

ki sa blockchain nan ye?

nan yon fraz ki trè senp, e vilgè se yon Database ou se yon rejist distribiye, ann pran yon egzanp.
Imajine gen yon notè ki bay yon papye fè konnen ou se mèt yon tè ou fèt achte nan men yon zanmi ki rele jan, Papye sa a ann rele li rejist, ann di li òganize tout rejist sa yo nan yon bwat donk bwat sa n'ap rele blòk. men gen anpil posibilite pou yon moun peye notè sa a pou falsifye dokiman sa a. men ann imajine ankò nan moman men ke notè sa ap ekri rejist sa a, 100 milya kopi de rejist sa a epi distribiye li ou pataje li ak lot notè nan monn nan, nan ka sa a li tap enposib pou yon lot moun falsifye e volè tè ou a, li t'ap bezwen falaifye 100 milya rejist ki nan men lot notè sa yo. Paske chak rejist yo mare youn ak lòt, se sa yo rele chain nan (chèn pwononsyasyon kreol).

Imajine .... ki sa ou ka fè ak Blockchain nan, sitou nan yon peyi kote gouvènman an gen anpil koripsyon ladan, kote pataj ki ap fèt yo enjist ki lakoz anpil jèn mizè, nou pèdi anpil bon bagay nan istwa nou yo, Panse blockchain nan tankou yon entènèt, patipri, san enfliyans moun pou kontrole l nan avantaj yo

Electrisite, nou pa pral sou koman electrisite fonksyon paske sa pa enpôtan ditou pou nou kounye, men n'ap pale sitou sou sous ki ka pwodui kouran, n'ap mansyene kèlke, silteplè si w rive li atik sa ajoute ide paw. Enèji solye, Dlo, van, leman (magnetik)

Electrisyen, genyen de tip de kouran DC/AC mwen te fasine de kouran lè mwen te tou piti de kouran e mwen ak zanmi mwen Sonson sa se sou non sa a mwen te konn rele l, nou te renmen fè ti eksperyans ak batri pou nou kreye enèji DCsa yo rele kouran dirèk la, men lè li vinn pi gran sonson al aprann kouran electrisite e travay li se te repare kouran ak bay priz kouran nan zòn nan ak vwazen zanmi

ki sa yon electrisyen ka fè kounye a pou pwoblèm kouran an ke jèn nou ya ap fè fas la? Imajine pran yon ti poz epi poze tèt ou kesyon sa a. ki jan ou ka desine yon plan ou yon aparèy ka pèmèt omwen yon jèn etidye leswa. konbyen sa ap koute w

imajine.... yon moman sa vle di pran yon ti poz, si ou gen pwoblèm ou bezwen rezoud eske ou tap fokis lespri w sou pwoblèm nan oubyen ou tap fokis sou solisyon an koman ou ka soti ladann. Nou ta dwe kolektivman ap panse ak solisyon pou entènèt la, elektrisite, ak lajan, mete matyè ak pratike sou koman nou ka kreye enèji gratis

Gen lekòl leta ak lekòl prive men gen plis lekòl prive ke lekòl leta se kòmsi 99% prive e 1% leta. men kiyès ki finanse lekòl prive a, se pa an majorite ayisyen ka viv nan peyi etranje, pou komanse nou dwe rekonèt , kwè e demontre ak tout peyi a ke moun ki ap bay lajan an se wa, li ka fè lwa pou sove jèn yo pa ka chwazi, si wap viv nan peyi etranje epi ou gen piti ou an ayiti silteplè patisipe nan lekòl aktivman, sa t ap pi fasil si te gen yon sendika ou yon òganizasyon ki reprezante nou diaspora e nou ka pale kolektivman. pa gade sou sa fè sa w kapab ak timoun ou gen nan responsabilite ou

Coin Marketplace

STEEM 0.16
TRX 0.16
JST 0.031
BTC 59351.18
ETH 2529.39
USDT 1.00
SBD 2.42