Timoun yo pa prèske monte kap (cerf volant) ankò

in #kap6 years ago (edited)

cerf-volant-2603.jpg

cerf volant.jpg

Sa gen kèk ane depi m ap swiv avèk anpil atansyon kijan anpil bagay ki nan koutim nou pa prèske egziste anko:Tankou lontan lè dat karèm rive tout moun; jèn, granmoun e timoun te konn nan monte kap (cerf volant). Sa gen kèk ane m pa prèske wè bagay sa yo anko, e ane sa sanble se ap menm bagay la. Kisa ki lakoz sa? èske se okipe moun yo okipe nan travay yo? èske se teknoloji a ki lakoz sa? èske se lajan moun yo pa genyen pou yo fè kap pou timoun yo? Oswa èske se yon lot bagay ki koz sa? kisa z panse ki koz sa ou menm? Di nou sa w panse nan komantè a.

Sort:  

M panse se pa mwen sèlman ki fè obsèvasyon sa, jodi a m t ap pale ak yon moun ki pi gran pase m, li di youn nan bagay ki koz sa, se paske timoun yo vin pi renmen pase tan devan televizyon ak telephone pito, epi pi gran ki te konn monte kap yo, vin gen plis okipasyon kounya.

Coin Marketplace

STEEM 0.19
TRX 0.15
JST 0.029
BTC 64143.39
ETH 2638.98
USDT 1.00
SBD 2.80