KI DIFERANS KI GENYEN ANT TWA MINING KE TOUT MOUN KONEN?

in #ht6 years ago

ALTCOINS.png

Mining se yon term anglè ki explike koman yon token fè vin a lexistans ou byen komen li sikilé sou blockchain li an.
Nou pap rete sou sa mining an yé paske li pa fasil pou explike'l nan yon tikal mo.
Mining gen yon karaktè pou li balancer tout sytem nimpot token sou zafè crypto.
Si ou komprann se byen, wap wè impôtans crypto nan la vi nou tout.
Si ou pa komprann, li atik sa epi fè rechèch pou aidé'w pi byen konprann.

POW

PROOF OF WORK

  • Minè rezoud yon pwoblèm konplèks matematik. Minè a ki rezoud pwoblèm nan en premye ajoute blòk la nan blockchain la. Rezo a rekonpanse Miner a ki fè sa.
    Minè nan ka sa a se yon ordinatè pisan ki fèt pou sa e ki la pou fè crypto pi solid.
    KAMPESOUBIT.png

EZAMP= Bitcoin

Nimpôt moun ka miné bitcoin ak yon computer ou genyen pou sa. Problem nan soti lè bitcoin pran valè moun ki mèt minè a depenser anpil kôb pou li ka gen pi bon minè. Sa rend minè ou gen lakay ou a fèb anpil pou fè travay sa a.
Nan ka sa a moun ki gen PI GWO minè a jwen tout bitcoin recompans la.
Si nou byen komprann se La loi du plus fort est toujours la meilleure

POS

PROOF OF STAKE

  • Sa mande fôk ou genyen crypto a deja.
    Plis ou genyen, plis fôs ou genyen sou blockchain lan pou jwen plis recompense ak chak block ki kreye.
    Benefis: elimine nesesite pou genyen minè ki chè. Si ou kompare ak POW
    Li boule kouran tou piti.
    E li mande kom mwen te di avan fôk ou genyen crypto a pou ka gen plis.

EZAMP= DASH

Dash se yon crypto ki gen masternode.
Ou ka miné dash nan style POW.
Miné Dash nan stil POS, ou bezwen gen yon masternode.
Sa vle di ou mete 1000 dash nan yon minè pou ka verifyé nouvo token nan system lan.
Eske ou konn pri Dash kounyeya?
Si nou byen konprann *La loi du plus fort est toujours la meilleure

DPOS

DELEGATED PROOF OF STAKE

  • Se yon gwoup moun ke kominote a chwazi pou kreye block.
    Yo rele yo witness
    Piske se yon gwoup yo ye, yo kreye block yo byen vit nan kek seconds
    e block sa yo valide system nan.

EZAMP=STEEM

Mwen ta swété nou komprann ezamp sa a.
Gen anpil witness min se 20 premye yo ki pi impôtan pou kreye block.
Res yo la pou aidé 20 yo epi si gen pwoblem system nan pap tombé.
Nan yon sens witness yo se minè yo ye.
Yo touche byen minm jan ak minè ki sou system POW, POS.
Nan sytem DPOS, consensus la paye tou moun ki gen anpil crypto tankou #steem.
Se sak fè anpil moun relé yo sou #steem
investè paske yo gen anpil #steem epi yo fè
lôt bizniz pou yo fè plis #steem nan system nan.
Yon moun ki nan #steem epi ki ap fè post, komenter, voter, ou se yon minè tou
paske wap ajouter sou blockchain lan.
Chak fwa ou ekri yon post li verifye par witness yo epi yo ajoute'l sou blockchain lan.
Chak fwa ou ekri yon post system nan generé #steem epi li largé li nan yon gwo BOKIT
pou yo rekompensew apres 7 jou.
Rekompens paw la sôti nan fôs ou genyen nan system lan epi valè kominoté a wè nan ou.
Mwen penser post sa a bel anpil.
Mwen ekri li nan lang manman nou.
Eske kominote ki parle kreyol la ka bay post sa valè?
E byen nou va wè sa.
Si nou tres bien komprann pati sa a, e byen li toujou aller konsa
La loi du plus fort est toujours la meilleure

steemit_001.png

Pou nou konklu, si ou ka li post sa a epi ou konprann li
Chercher konprann plis sou crypto a.
Paske moun ki vini ak crypto vlé liberte.
Yo vlé pou ka fè bizniz nimpôt lè
e ou ka nimpôt moun.
Crypto pa gen prejugé.
Li se nouvo technologi ki fè anpil BILIONè depale.
BANK pa renmen li paske li retiré yon gwo job nan min li.
Se kreye opportunité nan yon second.
Siw te gen nen fen en 2016, 2017, bagay yo tap bon nan minw.
Si wap mande têt ou nan kisa mwen pran la.
E byen fè plis recherch paske crypto se vale li ap vale terrain.
Ou gen dwa pa konprann tout bagay.
Saw bezwen se kompreansyon pou sere epi
pou fè plis nan crypto ou genyen an.
PYE kout pran devan.
@zeugen
ZEUGENIMAGE.jpg

Sort:  

Se yon trè bel atik, li pa fasil pou moun annik komprann nan premye lekti a, men tikras pa tikras wap ka detekte impotans sa ki ekri yo. Mesi @zeugen

Mwen pa panse DPOS se fiti mine paske li pran mwens eneji e li pemet tout moun patisipe

bel post , mwen pat trop konpran mwen t di sa on le et se sa li ye vre , lew lage on post , vote ,se miner wap mine sou steem mwen panse mwen konprann e map fe ti recherch pam tou , mesi pou bel post sa

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.12
JST 0.029
BTC 61358.50
ETH 3378.70
USDT 1.00
SBD 2.52