12 janvier

in #esteem7 years ago

Yon jou inoubliab !!!

Yon 12 janvye apre midi.
Yon 12 janvye ki modi.
Yon 12 janvye kè sote.
Yon 12 janvye dlo nan je.
Yon 12 janvye sesisman.
Yon 12 janvye touman.
Yon 12 janvye kriyèl.
Yon 12 janvye gou fièl
Yon 12 janvye tè tranble.
Yon 12 janvye kay kraze.
Yon 12 janvye zo kase.
Yon 12 janvye souf koupe.
Yon 12 janvye san ras.
Yon 12 janvye san klas.
Yon 12 janvye san koulè.
Yon 12 janvye plen doulè.
Yon 12 janvye "pa te kwè".
Yon 12 janvye nou te wè.
Yon 12 janvye ki pat fè diferans.
Yon 12 janvye ki fè'n konn soufrans.
Yon 12 janvye ki pat fè esepsyon.
Yon 12 janvye chage ak dèy.
Yon 12 janvye pat gen sèkèy.
Yon 12 janvye"vlope'm mare'm".
Yon 12 janvye senti mare.
Yon 12 janvye plen nyaj.
Yon 12 janvye soti pa tounen.

Hummmmmmmm!!! Mwen pa ka bliye'l.
Men fok mwen kontinye viv pandan map remesye Bondye pou Gwo gras sa li fèm,lòt yo ki ale 12janv yo mwn pa pi bon ke yo se just volonte Bondye Paske mwen te soti vivan... image

Sort:  

A vrai dire, je vais ajouter cette poste sur mon compte facebook, okay.

Nou paka blyé jou sa a .
merci pou poste sa a .

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.13
JST 0.030
BTC 65133.17
ETH 3480.37
USDT 1.00
SBD 2.52