TOUT MOUN REYALIZE RÈV YO NAN VI A.

in #espri6 years ago

tr2.jpeg
Ou dwe gade vi yon moun pou konfime ke moun sa reyisi oubyen echwe.
Ti-Jan chita tout jounen lap panse avèk pwoblèm difikilte ak kalamite lap rankontre nan vi a. Vi Ti-Jan vini yon sous pwoblèm. Lap plenyen li pa gen chans nan vi a. Tout moun sou Katye a konsidere Ti-Jan kòm yon modèl moun ki echwe. Lè yap pale de moun ki fè echèk yo pran Ti-Jan kòm yon modèl.
Si moun yo konprann Kòman espri moun fonksyone, yo tap konfime ke Ti-Jan pa echwe li eyalize rèv li.
Kòman espri Fonksyone?
tr1.jpg
Espri yon moun pa konnen sa ki negatif ak sa ki pozitif, li pa konnen saw vle ak sa ou pavle. Saw panse avèk li plis la Se li kap reyalize. Nou kapab konsidere espri yon moun tankou yon tèren fètil, kote nou kapab fè Bon ti jaden, siw plante bon bagay sou tèren sa. Wap rekòlte bon bagay, Siw pa plante sou tèren sa, raje ap leve ladan. Ou dwe toujou eseye plante bon ti bagay. "Saw plante seli wap rekòlte". Siw vle viw chanje, chanje fason'w ap panse, saw panse plis yo, se yo kap reyalize nan laviw, Ou ta renmen chanje laviw, chanje mod pansew, siw bezwen elimine pwoblèm nan viw pa panse avèk pwoblèm.

Sort:  

M renmen sujet w la, se pa manti dapre la loi de l'attraction nenpot bagay w ap plede panse ave l se sa k ap rive. Sa vle di si nou toujou gen panse sou solisyon men pa sou pwoblem, n ap we lavi a ap pi byen pou nou, epi konsa nap reyalize rev nou pi fasil. M ekri yon teks ki preske menmjan ak sa, men lyen an https://steemit.com/poule/@neliohaiti/ann-pwoteje-rev-nou-menm-jan-yon-poul-pwoteje-pitit-li

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.13
JST 0.029
BTC 66436.09
ETH 3439.46
USDT 1.00
SBD 2.65