Doule reg

in #doule6 years ago

FB_IMG_1528051031724.jpg
Doulè lè règ (Dysménorrhée nan lang fransè)
Kisa koze sa ye? koman mwen fè genyen'l? kijan'l manifeste? kijan mwen ka evite'l si mpoko genyen'l? kijan'm dwe konpote'm si'm genyen'l?
Doulè règ se yon maladi ke yo jwenn kay anpil fi, gen nan peyi yo jwenn 30 jiska 50% fanm soufri doulè lè règ yo, koze sa prezante diferan fason kay fi,e souvan yo mal pou konnen sa ki koz li kay fi yo
Gen de kalite Doulè règ kay fi:

  1. Li ka primè
  2. Li ka segondè
  • Li primè: se lè depi premye fwa fi a fòme li tou genyen doulè, soti premye règ la jiska 18 mwa a fòme a. Souvan se yon pwoblèm nan youn ou plizyè ògan'n kay fi a. Ka sa a yo se Tibèkiloz jenital (yon fòm tibèkiloz ki pa atake pomon an men ògan'n ti a tankou matris ak twonp) , Matris fi a ki konn pa byen fòme, òvè oubyen ze fi a ki konn pa byen fòme, oubyen nan basen fi konn gen kèk strikti (tissu) ki konn gen pwoblèm tankou anfle elatriye
  • Li segondè : se souvan lè fi a te fòme li pat gen doulè, kote doulè sa konn prezante swa apre relasyon seksyèl oubyen yon enfeksyon moun lan trennen sou li san trete oubyen kap plede echwe nan tretman an. Enfeksyon sa yo touche ògan'n tankou bouboun fi a, kòl matris ki anfle, matris ki anfle a koz pèt, twonp ki anfle ak ovè sa yo rele ze a, li konn akoz yon maladi ki rele andometriyoz (kote chè ki nan matris fi a desann nan bouboun li, oubyen li moute nan twonp,ovè oubyen andedan vant li, lè règ li kote sa yo vle gen san tou).
    👉 Nan 2 ka sa yo fanm lan gen yon gwo doulè anba ti vant li, ki konn tankou yon kolik, doulè sa a ka parèt avan, pandan oubyen apre règ la, gen fanm doulè a dire tout règ la, genyen li bay dyare, kè plen, lafyèv,endispoze oubyen santi vètij, genyen li fè san koule ti kras, ak boul, oubyen san koule fò.
    NB) ou ka evite doulè règ pandan wap trete enfeksyon ou genyen paske gen de ka depi'w trete sa ki lakoz moun lan gen doulè a li tou pa gen doulè a ankò, si'w toujou gen doulè al kay doktè, pou'w soulaje doulè si'w pa vle pran medikaman ou ka fè yon ti konpwès ak yon ti dlo tyèd ou mete anba vant ou.. pi plis ka yo souvan se enfeksyon. Toujou al kay doktè pou'w konnen kisa ki baw doulè a.
Sort:  

Anpil bon info, mèsi Miss la.

Congratulations @marinade! You received a personal award!

Happy Birthday! - You are on the Steem blockchain for 1 year!

You can view your badges on your Steem Board and compare to others on the Steem Ranking

Vote for @Steemitboard as a witness to get one more award and increased upvotes!

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.13
JST 0.030
BTC 66976.31
ETH 3509.07
USDT 1.00
SBD 2.70