Reyalite Peyim

😂11 pawòl ou fasil tande lèw nan kamyonèt Ayiti😂:

1- "Mpa vle kòb chire sa, bèl kòb sa mbaw la".😑

2- "Chofè kanpe pou mwen. Chofè mrive. Bon chofè sa pa tande mrive. Chuipsss. Gad jis kote grimas la mete m."😡

3- "Pouki chofè a kanpe la? Pa gen plas ankò non. Sou kawotchou a wap mete moun nan?"🤔

4- "Chofè 15 goud mgen wi. Apre sa se nan mil goud wap ka pran 20 gd la."😉

  • "Machin nan 20 goud, si w pa genyenl desann pou mwen souple."😒

5- "Mezanmi fon ti chikin pou mwen souple moun yo, mpa chita non."😟

6- "Oo chofè sa fou, ki mòd kout volan sa? Chofè mpa prese tande."😬

7- "Chofè fon bese mizik la, map pran yon apèl la."🤓

8- "Gen plas nan machin nan, ban an se 7 moun li pran. Si nou pa avanse machin nan pap deplase"😤

9-"Banm touche pou nou.

  • Janm chita a mpa ka pran bous mwen chofè, mpap sove map peye."😐

10- "Madanm chay sa wap peye 30 gd pou li. Si w pa kapab met pyew atè."😤

11- " Neg Moto sa yo kouri tout jan "

Mete pawòl paw la🤣

Posted using Partiko Android

Sort:  

A yon bon bourara ui. Lé yon machine k pran 14 moun epi nen pot 60 moun up tan li e yo tout bezwen Monte. Sak pi fó a pase.

Posted using Partiko Android

Bon ou pas santiw pilem,

Med mesye on machin ap souke se komsi expre mw fe

Posted using Partiko Android

Ah Ou konnen yo bien

Posted using Partiko Android

Thank you so much for being an awesome Partiko user! You have received a 5.22% upvote from us for your 1200 Partiko Points! Together, let's change the world!

Madanm Peye machin lan pou Mwen, yo pat peye w yèswa?

Posted using Partiko Android

Bay tt sak sou nou looolll

Posted using Partiko Android

Tête chargée
Ki kote li pwal Chita la ?

Posted using Partiko iOS

Coin Marketplace

STEEM 0.17
TRX 0.15
JST 0.028
BTC 60249.61
ETH 2321.35
USDT 1.00
SBD 2.51