Depatman No

in #cryptonewshaiti6 years ago

Ayiti gen anpil bèl istwa. Jodi a map pale nou de yon gwo depatman nan peyi a ki chaje ak anpil istwa ki fè fyète tout ayisyen. Depatman sa rele Nò (Nord). Kom non li byen di, li sitiye nan pati nò peyi a e se ladann dezyèm vil peyi a ki se Cap Haitien ye. Moun ki chwazi pale de No gen anpil bagay pou yo rakonte. Mwen ap seleksyone kek nan yo pou m pale nou.

Bwa kayiman : se la rasin kilti nou pouse. Se la premye gwo desizyon te pran pou esklav yo tal goumen ak lame franse a. Yon gwo seremoni te dewoule nan lannwit 14 out 1791, se la esklav yo te pran gwo angajman ki ta pral mennen gwo batay nan lannwit 21 pou rive 22 out menm ane sa. Se Boukman ki te nan tèt kokennchenn mouvman sa.
bois-caiman-938x535.jpg

Vètyè : Se non yon ti zòn ki nan antre vil Okap. Li tradwi anpil fyète ak kouraj pou pèp ayisyen an, konsa tou li tradwi gwo nostalji pou franse yo. Se la dènye batay ki ta pral libere Ayiti anba chenn lesklavaj la te fèt, nan batay sa lanme peyi dayiti a ki sete yon lame endijèn te rive bat lame franse a ki sete pi gwo fos lame nan mond lan. Batay sa te fèt 18 navanm 1803, depi nou te fin genyen batay sa nou mache tèt dwat pou nal pwoklame endepandans nou nan Gonayiv nan jou ki te 1e janvye 1804. Depi lè sa nou se premye pèp nwa ki pran lendepandans li e nou se senbol libète.

Sitadèl Laferyè : Li konte pami 10 pi gwo mèvèy nan mond lan. Li se yon konstriksyon ekstrayodinè. Se pi gwo sit touristik peyi a genyen. Moun ki vizite sitadèl la pa janm regrèt.
La-Citadelle-La-Ferriere-Fortress.jpg

Labadee : Sanble depatman Nò pran tout bon ak bèl bagay peyi a genyen. Labadee se pi bèl plaj ki genyen nan zon karayib la, erezman li twouve l nan depatman No peyi Dayiti. Touris toujou anvayi plaj sa, yo renmen l, yo admire klima et se yon kwen ki gen anpil sekirite, ki ofri gwo plezi pou moun kap vizite l yo. Nou gen lot bèl plaj anko, nou gen kan Lwiz ki se yon lot referans pou moun kap vizite No peyi a.
labadee.jpg

Anpil lot bèl bagay
Si yon moun ale nan No ou paka regrèt sa. Gen bèl gwot nan komin Dondon, gen pale sansousi nan Milo. Gen anpil bèl rivyè, bèl peyizaj. Si ou poko pran tan w pou ou kontanple bèl peyizaj soti Lenbe pase Plezans pase Pelat ale jis Oboy, ou manke yon bagay.
Si w poko manje yon bon kasav Okap, ou poko fè yon ti balad sou karenaj, ou poko al manje Lakay restoran ou poko janm konn sak bon, ou poko jan jwi bonte lanati.
Moun okap yo Dyolè anpil men yo gen rezon, yo soti nan yon kwen nan peyi a ki pa menm ak tout kote. Okap se yon vil inik, li se yon istwa inik e li se yon kilti djanm.

Nou genyen yon bel peyi, nou gen anpil bagay ki admirab nan peyi sa, nou gen anpil rezon pou nou renmen peyi nou!

Sort:  

Post sa a bel anpil
Li se fierte peyi nou ka di se pa nou li ye

mwen gen yon bel post pou nodwes tou, e sides anko. Nou ka ekri kounye a map gade sa nou gen yon bel peyi, moun ki konnen potoprens Selman pap dako ak mwen men Ayiti se yon bel peyi e gen vi nan peyi a toujou malerezman pot dantre peyi a pa bon

Bon Bagay, oui sak pase Blan konn peyi a ke nou oui, mwen anvi al konnen nan no prochainement. Mesi pou atik la.

Sa pa mal nn!

Kenbe la baz!

Coin Marketplace

STEEM 0.16
TRX 0.15
JST 0.029
BTC 55255.10
ETH 2314.82
USDT 1.00
SBD 2.33