Challenge li ye tonton ! Men challenge mwen apre diskisyon sa a nan gwoup la.

in #cryptonewshaiti6 years ago (edited)

Bonjou prensipalman mamb #steemithaiti, #cryptonewshaiti.

Mwen pa konn si nou t li aproch mwen an apre sa ke Guercy t di a, Malerezman li poko gen kont steemit m paka tag li. kote li t site map raplen.

Antouka mesyedam, nou nan yon mond konpetitif kote konesans demokratize, pensonn pa gen konesans absoli, nap mande vote teks pou nou pa gen kontni vreman nan anpil teks mwen li sou steemit lan avek lien referans nou bay yo, pa fe bagay yo kom amatè, mwen konseye nou pran tan nou lenn ap ekri teks yo pou yo gen kontni. Sa deranjem ak kek lien nou bay yo teks yo vman pa kadre, se pa yon jwet non fe lajan se bon travay kibay lajan, fok nou retire nan lè domi nou pou nou reflechi, pou nou prodwi bon kontni.
Mèsi se jus yon obsevasyon mw fe na eseye analize sa, mwen konnen gen nan nou ki pral di ayisyen pa rmen ankouraje moun sesi sela, map envesti nan crypto depi nan lane 2015, mwen gen anpil efo.

Anpil reyaksyon t vini e kek reyaksyon mwen jije ki vreman bon, tankou pa @joininvest la kotel di

lew vote ou di kew apresye efo moun lan fe, se paske yodiw vote kifew oblije vote. Mwen m ka vote youn ou 2 atik pou yon moun ki pa bon, men apresa depiw pa ekri bon bagay m pap votew. Nou ankouraje tout moun ekri nan nivo yo, si se blag ou ka poste poste l depi l ka fem ri map vote l! men @guercyrichard di a nou pa oblije ekri san n pa pran san nou,>

Epi @jeanunior ki di:

Bon ! Mwen m panse @Richard gen ti rezon li kote li mande pou tèks yo gen kontni an. Gen 2 bagay fondamantal ki fè yon tèks tèks ; se fòm ak kontni. Men kounya si nou pran kesyon fòm nan gen anpil detay pou nou ta di. Li pa egziste yon sèl fòm menm anndan yon menm tip tèks. E pou kesyon kontni an dès qu'il y a compréhension et absence de non-sens le texte est correcte. Petèt @Ricbard t ap atann ni a des textes ki gen yon kontni syantifik tout tan, ki ekri selon yon metòd, ki gen ma koyerans ak koyezyon, ki poze epi rezoud yon pwoblèm.

Men ekri byen se yon art. M panse okontrè steemit pral ede anpil moun amelyore fason yo ekri paske se pratik ki kreye ekselans. Menm yon jeni depi l pa pratike li ap mwen pèfòman.

M dakò tout atik ka pa merite apresyasyon yon moun men nan kontèks atik yo ap ekri la eskè m dwe pa vote yo paske m pa renmen fòm li ouben kontni li genyen ?

M panse gen pwogrè ki pral fèt, ap vin gen plis metòd, plis angajman paske lè nou kòmanse gen anpil moun ki ap swiv nou nou pral oblije bay plis rannman nan tèks nou yo

Mwen t pataje avim deja sou group la kotem ka fon rezime m t di, se vre m rekont nou gen yon absans de kontni sa m panse nou tout rekonet li, men mwen vle pou nou on ti jan plis toleran nan komansman nimpot bagay se kona li ye, se pa premye jou nou tal lekol la ti a nou tap eseye fe a t byen kanpe mwen jis mwen rive nan 6e annee yo tap plenyen pou ekritim e menm profese a t rive fem achte yon ti kaye 2 liy poum aprann ekri e malgre sa m konn ap fe gwo mwayen.

Men sam renmen an se ke #cryptonewshaiti son kominote li ye se ide sa yo kap fel avanse nou ankouraje patisipasyon tout moun epi pou chak moun mete ti touch pa yo, so se vre se mwen ak @joinvest ki t kreyel e ki admin mwen sam toujou di gwoup la se pou nou tout li ye, nou pa enpoze oken bagay men ansanm nap we sa ki bon an poun avanse. Epi map tou profite salye @michelsonmichel mwen panse dapre mwen ki pote anpil bagay nan kominote a denye semen sa yo depi lel antre a li vreman aktif li fe anpil bagay tankou Paj Facebook nou an. Logo nou an epi ede anpil moun enskri nan steemit, mwen felisitel anpil pou sa e m swete lot mamb a pran ex de li.

Men Challenge lan pou aswe a, mwen koul cho koul kwit." Jan Richard dil la mesye komanse aranje kontni nou"

Men Challenge lan, e pou chak neg ki vle repon a challenge sa yo gen pou yo ekri yon bel teks ki gen enspirasyon pesonel epi ki gen kontni.

Mwen se @carlomile
Follow,Upvote epi Comment article sa a e menm Resteem li siw pansel merite sa.

Sort:  

Ou finn palé epi se yon etap pou nou franchi
pendan nap aidé plis moun vini aprann crypto.
Se yon bel challenge ke #steemithaiti
ap pran epi kouri avel.

Se sa. Nou santin pran yon lot rail ann profite e li epi poun kontinye avanse.

se byen challenge sa ap bon pou nou tout komanse kapab ekri bon text sou steemit

Coin Marketplace

STEEM 0.15
TRX 0.15
JST 0.028
BTC 53699.14
ETH 2213.00
USDT 1.00
SBD 2.28