Konekte, Kouran, lajan -- Pati #2

in #steeemhaiti6 years ago


Ki sa
ki fè pa
gen yon bon
sèvis entènèt an ayiti? poze tèt ou kesyon sa a pèsonèlman epi komanse pa imajine ak ki rezon ki fè sa pa posib toujou. si'w gen chans pou li atik sa ekri repons ou a nan pati komantè a ki rezève pou sa. kounye an nou poze w 2 lòt kesyon ankò eske w panse ou imajine entènèt se yon bagay enpòtan? e ki jan ou menm ou ta p itilize l si w ta gen bon sèvis entènèt?

Sort:  

Nou bezwen byen itilize 24 è de tan nou gen an byen si nou jèn bezwen chanje situasyon nou, Tankou pase anpil tan ap tande mizik, Chèche angaje nan yon pwojè chak jou ki rezoud pwoblem tankou kouran gras ak enèji solèy, dlo, van, Entènèt, ak konprann ki sa lajan ye, moun ki gen mikro yo pa itilize yo byen pou ede nou e yo pa menm gen pou ede tèt yo, dok fe atansyon ak moun n ap tande, epi kwè nan ede lot jèn parèy nou yo, fè efô pou konpran anglè epi fè anpil rechèch nan lang anglè pou jwenn plis enfômasyon sou fason pou nou jwenn solisyon

Genyen 195 peyi nan monn nan, genyen 2 milya moun nan monn nan ki pa gen papye ak de nesans, ki pa gen yon kont bankè donk pa konsekans pa gen aksè ak sistèm finansye. e ki pa ka prouve posesyon yo, tankou yo posede tè san papye ki anrejistre. Sa se yon gwo risk pou moun ki ap viv nan yon tèl situasyon. Solisyon an se Blockchain prononsyasion kreyol blòkchèn *kontinye li pou plis enfòmasyon sou sijè sa a

ki sa blockchain nan ye?

nan yon fraz ki trè senp, e vilgè se yon Database ou se yon rejist distribiye, ann pran yon egzanp.
Imajine gen yon notè ki bay yon papye fè konnen ou se mèt yon tè ou fèt achte nan men yon zanmi ki rele jan, Papye sa a ann rele li rejist, ann di li òganize tout rejist sa yo nan yon bwat donk bwat sa n'ap rele blòk. men gen anpil posibilite pou yon moun peye notè sa a pou falsifye dokiman sa a. men ann imajine ankò nan moman men ke notè sa ap ekri rejist sa a, 100 milya kopi de rejist sa a epi distribiye li ou pataje li ak lot notè nan monn nan, nan ka sa a li tap enposib pou yon lot moun falsifye e volè tè ou a, li t'ap bezwen falaifye 100 milya rejist ki nan men lot notè sa yo. Paske chak rejist yo mare youn ak lòt, se sa yo rele chain nan (chèn pwononsyasyon kreol).

Imajine .... ki sa ou ka fè ak Blockchain nan, sitou nan yon peyi kote gouvènman an gen anpil koripsyon ladan, kote pataj ki ap fèt yo enjist ki lakoz anpil jèn mizè, nou pèdi anpil bon bagay nan istwa nou yo, Panse blockchain nan tankou yon entènèt, patipri, san enfliyans moun pou kontrole l nan avantaj yo

Electrisite, nou pa pral sou koman electrisite fonksyon paske sa pa enpôtan ditou pou nou kounye, men n'ap pale sitou sou sous ki ka pwodui kouran, n'ap mansyene kèlke, silteplè si w rive li atik sa ajoute ide paw. Enèji solye, Dlo, van, leman (magnetik)

Electrisyen, genyen de tip de kouran DC/AC mwen te fasine de kouran lè mwen te tou piti de kouran e mwen ak zanmi mwen Sonson sa se sou non sa a mwen te konn rele l, nou te renmen fè ti eksperyans ak batri pou nou kreye enèji DCsa yo rele kouran dirèk la, men lè li vinn pi gran sonson al aprann kouran electrisite e travay li se te repare kouran ak bay priz kouran nan zòn nan ak vwazen zanmi

ki sa yon electrisyen ka fè kounye a pou pwoblèm kouran an ke jèn nou ya ap fè fas la? Imajine pran yon ti poz epi poze tèt ou kesyon sa a. ki jan ou ka desine yon plan ou yon aparèy ka pèmèt omwen yon jèn etidye leswa. konbyen sa ap koute w

imajine.... yon moman sa vle di pran yon ti poz, si ou gen pwoblèm ou bezwen rezoud eske ou tap fokis lespri w sou pwoblèm nan oubyen ou tap fokis sou solisyon an koman ou ka soti ladann. Nou ta dwe kolektivman ap panse ak solisyon pou entènèt la, elektrisite, ak lajan, mete matyè ak pratike sou koman nou ka kreye enèji gratis

Gen lekòl leta ak lekòl prive men gen plis lekòl prive ke lekòl leta se kòmsi 99% prive e 1% leta. men kiyès ki finanse lekòl prive a, se pa an majorite ayisyen ka viv nan peyi etranje, pou komanse nou dwe rekonèt , kwè e demontre ak tout peyi a ke moun ki ap bay lajan an se wa, li ka fè lwa pou sove jèn yo pa ka chwazi, si wap viv nan peyi etranje epi ou gen piti ou an ayiti silteplè patisipe nan lekòl aktivman, sa t ap pi fasil si te gen yon sendika ou yon òganizasyon ki reprezante nou diaspora e nou ka pale kolektivman. pa gade sou sa fè sa w kapab ak timoun ou gen nan responsabilite ou

M panse rezon an, se paske leta Ayisyen pap travay pou nou antanke konsomate,Konsa konpayi telephone yo tou pwofite pou yo pa bay bon service, a haut debit, Epi tou Ayiti pa gen vil oswa enfrastrikti ki fet pou resevwa yon entenet haut debit, paske menm fibe optique yo ki la pou sa, pafwa moun konn koupe yo. M tap itilize l pou m fe kob, pou se pa depanse chak jou nan peye entenet pou m ale sou rezon sosyal yo, men m ka itilize l pou m kreye yon aktivite en ligne k ap pemet mwen antre lajan. Paske gen anpil bagay ou ka fe sou net la k ap pemet ou antre lajan; tankou: Yon blog, yon sit entenet, Ou ka ekri atik pou w fe lajan etc....

Leta? ann nou fè yon ti reflechi epi poze tèt ou kesyon sa a kiyes ki leta a? ekri repons ou nan komantè a, anpil dèfwa nou vle pale de leta sa vle gouvènman an, an nou klè nan sa a ki sa gouvènman gen kapasite pou fè pou nou? e kisa ou menm pèsonèlman ap rete tan de gouvènman an?

Imajine... Tèt pa w panse ak lòt moun, pran yon plim epi ekri yon lis de choz ke ou menm pèsonèlman ta p renmen pou gouvènman fè pou ou, e bagay sa yo ap benefisye lot moun tou.

mwen kwè gen yon seri de kondisyon pou gouvènman an mete anplas pou pèmèt kèk bagay posib nou di trè byen kondisyon tankou sekirite, stabilite politik, atire moun vinn investi lè yo mete bon lwa sou enpo, etc... eske w te panse bagay yo konsa

Eske w panse nan anpil peyi kote majorite nan kondisyon yo reyini epi anpil nan sitwayen ap vinn nan kondisyon mizerab, sa ki pase? Pa gen gouvènman kapitalis tankou ayiti ki etabli pou fè pèp la kado manje, rad pou mete, voye pitit nou lekòl gratis oken gouvènman, si nou ta site nou tap komanse pa etazini

Lè yon moun ap pale de leta sa depann de nan ki kontèks l ap pale; paske leta ka fè referans ak tout moun k ap viv nan peyi a konsa tou ak aparèy ki la ki pou bay pèp la bon sèvis la n ap pale de ministè yo ak lot enstans ki la ki pou regle pwoblèm pèp la genyen. Leta ka vle di pouvwa tou, ebyen nan kontèks , m t ap pale a m te vle fè referans ak de dènye yo, konsènan: 1) ministè yo oswa lot enstans yo ak 2) Pouvwa. Paske se yo ki la pou dirije tout moun k ap viv nan peyi a (yo se leta tou nan yon sens). ? konnen m paka lage avni m nan men moun ki gen pouvwa nan peyi, paske avni m depann de mwen, e m ap konseye tout moun jèn kou granmoun, pou yo pran lavi yo oserye pa janm sispann lite pou yo retire tèt yo pami 80% moun ki pa bay avni yo anpil enpotans kap viv pou viv, paske kelkeswa sa ministè yo e moun ki gen pouvwa yo ta fè yo pap ka retire n nan mizè, si nou pa travay pou nou gen yon bon avni. E pa bliye nan yon sens se nou ki leta.

@neliohaiti ou byen di linfrè pa mwen, envite plis moun nan debat a e mwen ap vote tout post yo, ekri 5 fwa pa jou de preferans e m’ap pèmèt ou akimile steem

si nou ta gen 50 000 jèn ki enterese nan kripto sa ka chanje tout situasyon peye a

kesyon an se koman? pou sa nou bezwen fè yon ti matematik. si nou ka pèmèt 50000 jèn jenere $100 ameriken dola atravè kripto a jis pa ekri 5 ou 10 post pa jou oubyen nan akimile token gratis sa ap reprezante $ 5 milyon dola ameriken pa mwa

e avèk yon siksè konsa nap kreye yon marketplace online antre nou menm pou pèmet ke dola sa a nou fè nan kripto a sikile nan mitan nou pou anpil jou anvan li kite kominote a

eske sa posib? Imajine pran yon ti moman panse ak sa, si nouka fè sa ak yon jèn sèlman donk li tout afè posib pou nou kreye menm rezilta a

Bon imajinasyon, nou bezwen moun k ap panse menm jan ak ou pou peyi a vanse pou pi devan. Men malerezman tout sa ki nan tèt 80% jèn nou yo se kite Ayiti pou y al viv nan yon lòt peyi, Sa ki vin lakoz peyi a prèske san resous imèn pou w vanse

Se t ap yon bon bagay, menmsi m poko gen anpil tan sou steemit, men m komanse konprann kek bagay , e konsa nou t ap ka ede nouvo moun ki entegre kominote a.

Wi, se pa manti, e BRH ap panse pou kripto a entegre an Ayiti wi, si nou pran bone l ap bon pou nou, konsa gen anpil jen ki pap travay sa t ap ede yo.

Mwen poko jwenn kominote Ayisyen nan sou steemit, m konnen genyen kek ki la men , m pa konnen yo, se sak fe l ap difisil pou m envite yo

OK

Congratulations @caonabo! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

You got your First payout
Award for the total payout received

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

Upvote this notification to help all Steemit users. Learn why here!

Do not miss the last announcement from @steemitboard!

Congratulations @caonabo! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of upvotes received

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

Upvote this notification to help all Steemit users. Learn why here!

Do not miss the last announcement from @steemitboard!

Bezwen ak Vle
se pa yon sijè ki fasil piske de mo sa yo nou itilize youn pou lot byenke yon pa yo pa fè resòti menm ide ou entensyon, ann pran yon egzanp nou di mwen bezwen manje e an menm tan nou ka di mwen vle manje. men ann fè yon ti reflechi, repete de fraz sa yo pandan 5 fwa youn aprè lot. lè youn moun di li bezwen manje li pa gen chwa l ap manje nenpot bagay men lè ou vlè ou komanse wè volonte pèsonèl enplike nan desisyon nap pran.

Lè nou di nou bezwen, kòmsi dezaktive tout kapasite nou genyen pou fè yon bagay pou jwenn sa nou an reyalite vle a.

Le nou di de preferans nou vle, se komsi nou di nou anchaj e sa depann de nou sèlman, nou pral travay pou reyalize tout ti detay

kounye a fè pratik sa itilize mwen vle pli souvan, sa ki ap pèmèt ou pran reponsabilite ou an men e wap progrese nan lavi a, wap ka reyalise objectif ou piske kounye li pa depann de okenn lot moun ke ou menm

Fè chwa mo nou yo, ak divètisman nou yo avèk atansyon pou sa pa mo ka rabese lot moun menm an jwè, ann pataje plis ankourajman, sipò, selebre lè nou youn ap fè pwogrè.

Can't you just play with style?\

can't you just post actual posts and post real comments?

Post you are comments in actual posts

its ridiculous how small of amount of money you are making

why waste all this money on you are stake when you coulkd actually just run an upvote bot or sell upvotes????

Don't do it like this, I can teach you how to make much more money doin this the right way

Congratulations @caonabo! You have completed some achievement on Steemit and have been rewarded with new badge(s) :

Award for the number of comments received
Award for the number of comments

Click on any badge to view your own Board of Honor on SteemitBoard.
For more information about SteemitBoard, click here

If you no longer want to receive notifications, reply to this comment with the word STOP

Upvote this notification to help all Steemit users. Learn why here!

Do not miss the last announcement from @steemitboard!

Great content, keep posting!

can you follow me? i very happy that

Coin Marketplace

STEEM 0.31
TRX 0.11
JST 0.034
BTC 64060.81
ETH 3129.62
USDT 1.00
SBD 4.17