PROBLEM PAP FINI

in #ht6 years ago

perledesantilles.png

Eske ou konn palé kreyol?
E byen mwen pwal wè sa.
Ayisyen renmen palé pouw
pa komprann.
Se yon lang kap pèdi fôs li nan batay lap minin kounyeya.

DECHOUKAJ

Se yon mo ki komancer nan ané 1986.
Mo sa a vle di deracinen yon bagay nèt.
Min pwovèb Ayisyen depann de zôn ou soti Ayiti.
Mwen songé kek epi map patagé avek nou.

. YON SEL DWET PA MANJE KALALOU
.FOUMI PA MOURI ANBA BARIK SIRO
.TANDE PA DI KOMPRANN POU SA.
.LAJAN AL KAY LAJAN
.TOUT BET JENNEN MODE.

Mwen ta kontinye mete pwovèb sou nou min tout sou net la epi
nou di yo preske chak jou.
Min mwen jwen anpil.
Gen anpil mwen pa komprann tou
Patage nan komentè nou sa nou abitye avel.
@zeugen
ZEUGENIMAGE.jpg

Sort:  

genyen Pwoveb ki pa gen sans di tou men nou itilize li chak jou tankou ou bannan, lol

Monchè sitou pou moun k’ap viv andeyò de peyi a. Gen yon pakèt pwovèb nou fini pa vinn dezabitye avèk yo. Men kèk mwen menm m sonje e ke’m renmen tande: “Kouto timoun se maten sa file”, “Vwazinaj se dra blan”, “Chat chode nan dlo cho lè’l wè dlo frèt li fè menm rèv la”, “Tande ak wè se de”, “Atansyon pa kapon”, “Vakabon se kòd gita”...

Men konsa tou, gen ladan yo ke’m pa renmen paske pou mwen yo sonnen negatif e yo limite nou. Tankou: “Pito’n lèd nou la”, “Lè ti koulèv bezwen grandi se nan twou li rete”, “Pa konnen pa al lajistis”, “Bèl fanm se bèl malè”, “Bèt ki gen ke pa janbe dife”... pou’m site kèk.

Anpasan, ou fèm panse anpil wi pou’m raple’m de pwovèb sa yo lol

Lang nan gwo nèg epi nou pa mete nouvo vocabilè ladanl

epa tout bourik ki rele matin

Mwen pa komprann sa a nan sens kisa bourik gen poul wè ak matin?
Fèm komprann

pwovèb enpòtan anpil nan kilti yon peyi yo ka fè konnen byen rapid fason moun nan yon zòn wè yon seri sitiyasyon e rekonèt valè moun ka viv nan zòn jan @gtrodargent di sa nou bezwen elimine kèk pwovèb negatif

Pa mande vwazen chèz prete pou kroke makout ou

Coin Marketplace

STEEM 0.20
TRX 0.16
JST 0.030
BTC 65876.23
ETH 2700.53
USDT 1.00
SBD 2.86